Pale Haiti

Byenveni nan *Pale Haiti*! Nou se yon medya endepandan ki angaje pou sèvi pèp Ayisyen an ak laverite san okenn enfliyans. Nou pa kolabore ak okenn politisyen ni ak okenn gwoup enterè. Travay nou senp: pote enfòmasyon klè ak onèt pandan n'ap respekte drapo ble e wouj nou an, ki se senbòl fyète nou.

Chanèl sa a se espas tout Ayisyen, kote ou ka pataje opinyon w 7/24 san okenn limit, epi san w pa bezwen peye yon goud. *Pale Haiti* se vwa pèp la, yon platfòm ki travay pou ouvè pòt dyalòg epi pouse solisyon pou demen miyò.

An n fè tande vwa nou ansanm, pou Ayiti ka avanse!