Seleksyon nasyonal la sove, Majistra Donald Diogène prale ranmase kòb pou yo
Автор: Trans Info Plus
Загружено: 2025-11-22
Просмотров: 6
Katèl enterimè Meri Gonayiv la pral lanse yon leve de fon pou seleksyon nasyonal la ak Racing Football Club des Gonaïves . Deklarasyon majistra Donald DIOGÈNE fè nan kad yon konferans li te genyen ak la près, samdi 22 novanm 2025 la.
Yon komite k ap konpoze 5 manm ki soti nan diferan sektè tankou: Yon Reprezantan Kou dè kont, yon jij de pè, yon jounalis, yon reprezantan MJSAC ak yon manm nan Meri Gonayiv la. 60 % nan lajan komite a pral ranmase a ap rejwenn FHF ( Federasyon Ayisyèn Foutbòl) pou grenadye yo. 30 % pral jwenn komite Renesans k ap jere klèb tè sale a ( Racing fc Gonaïves ) pou fini lòt 10% pou peye marketing ak depans pou komite k ap gen pou jere leve de fon an.
Chak moun ki pral kontribye nan kad mouvman sa, ap resevwa yon fich pou fasilite plis transparans. Si moun nan pa Ayiti, l ap delege yon moun ki pou resevwa fich kontribyon pal la pou li nan Meri Gonayiv.
Yon inisyativ ki kapab pote anpil pou Grenadye yo ki pral bezwen anpil sipò finansye pou yo kapab pi byen reprezante drapo ble ak wouj la nan mondyal 2026 la.
#reel #reelsviralシ #videoreel #videoviralシ
#football #Haïti #wolrdcup
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео mp4
-
Информация по загрузке: