Difererans ant Erè ak Ilizyon
Автор: Fem konprann
Загружено: 2025-08-25
Просмотров: 74
Video sa ede konprann kijan erè ak Ilizyon se 2 mo ki parèt sanble, men yo pa menm. Mo sa yo itilize pou fè konprann lè moun twonpe. Gen plizye rezon ki lakoz moun twonpe: Lè moun pa genyen oswa manke konesans; lè moun neglijan , distrè oswa bliye, ak moun sans yo fè yo gide yo. Lè moun twonpe epi vin jwenn verite, li korijel. lè sa, nou di se Erè. Lè moun ki twonpe a, vin konnen laverite, epi li pa vle korijel, lè sa nou di se Ilizyon. Ilizyon ak erè vin diferan, nan fason moun ki twonpe a konpotel. moun ka twonpe malgrel gen konesans entelektyel, men depi li we verite, lap chanjel. Men moun ki nan ilizyon, malgre li gen konesans entelektyel , li pap bezwen konnen si sa ou pwouvel la se verite oswa manti, li dekonekte ak tout reyalite.
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео mp4
-
Информация по загрузке: