Gen yon jou m’ te rete
Автор: MEC-Songs
Загружено: 2025-12-02
Просмотров: 122
Chan 61K
1
Gen yon jou m’ te rete
Mwen tap panse monn nan
Briskeman m’ tande yon vwa ki rele mwen
Deplase-w pou al fè yon misyon
Voye je-w, gade nan mon sa ki laba
Pote lapè bay moun ki la
Refren :
Ke lagras, ke lapè
Bondye kapab nan kè-w
Pou li plen kè-w avèk lanmou-l
O Jezi, ou menm ki Wa dè wa
Jete benediksyon'w nan kè nou Seyè
Pou nou ka pab viv nan la pè
2
Sou wout la mwen te ye
Pou m’ al nan misyon an
Soley la te vin cho, pase yon flanm dife
Lè-a menm tap zeklè devan m’
Mwen di: “O bon Jezi, kisa pou mwen ale?”
Pliske-w voye m’, se pou m’ ale
3
Anba mòn nan mwen rive
Wout la te vin fèmen
Mwen wè balian-n agoch
Mwen wè pikan adwat
Yon pil wòch ap roule anba pye m’
Mwen rete yon moman, mwen mande m’
Sa pou mwen fè
Vwa reponn: “Wi, se pou ale.”
4
Lè m’ rive sou plato
Mwen wè yon gran lakou
Mwen kriye yon onnè
Twa gwo chen vin bare m’
Lè sa pèsonn pat parèt pou mwen
Mwen fòse mwen antre
Mwen jwenn moun ki malad
Mwen priye pou yo, yo geri.
5
Se konsa ou menm tou
Pa rete yon sèl plas
Men ale tout kote pou bay levanjil la
Pou kab retire moun nan fènwa
Lè sa ou va mennen anpil nan-m’ bay Jezi
E ou menm ou va jwenn gras pa-w.
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео mp4
-
Информация по загрузке: