Mwen Pa Konnen Poukisa Kris Renmen M | Levanjil Ou Dous | Louwanj | Medine Petit Homme | Shekinah.fm
Автор: Shekinah. fm
Загружено: 2025-09-26
Просмотров: 771
CHAPTERS
00:00 Mwen byen kontan Papa mwen nan syèl la
09:21 Mwen pa konnen poukisa Kris renmen m
14:28 Levanjil ou dous
Pou ou bay Jezi lavi w, klike sou lyen sa:
If you would like to give your life to Christ, click on this link:
https://bit.ly/3JkLIVI
Pou Bay Ofrann:
To Give Offering:
https://bit.ly/3uu7nmd
Additional Donation Options//Autres façons de Donner
Moncash: (509) 38 23 25 25
PayPal: [email protected]
Phone: (786) 505-1580
Text "Give" to (561) 207-8664
Online: www.shekinah.fm
Zelle: (305)360-5200
Rete Konekte avèk Fanmi Shekinah:
Website | https://tabernacleofglory.net/
Facebook | / shekinahtel
Instagram | / shekinah.fm
Twitter | http://www.shekinah.fm/
Pastor Gregory Toussaint | / tabernacleofglory
Tiktok | / shekinah.fm
Lyrics
Chant 1
Mwen byen kontan Papa mwen nan syèl la
Pale nan liv li pou l di m li renmen m.
Nan pawòl li, m jwenn anpil bèl bagay;
Sa ki pi bèl, sèke Jezi renmen m.
Kè
Ala m kontan, m wè Jezi renmen m,
Jezi renmen m, Jezi renmen m;
Ala m kontan, m wè Jezi renmen m
Jezi renmen m tout tan.
2
Menm si mwen bliye l, mwen pèdi chemen
Nenpòt ki kote m ale, li renmen m.
Lakay li, nan bra li mwen va tounen,
Lè m a sonje kijan Jezi renmen m.
Kè
Ala m kontan, m wè Jezi renmen m,
Jezi renmen m, Jezi renmen m;
Ala m kontan, m wè Jezi renmen m
Jezi renmen m tout tan.
3
Jezi renmen m, mwen konnen m renmen l tou,
Se amou li ki fè l te vin pou rachte m.
Se amou li ki te fè l mouri tou;
Se poutèt sa m sèten Jezi renmen m.
Kè
Ala m kontan, m wè Jezi renmen m,
Jezi renmen m, Jezi renmen m;
Ala m kontan, m wè Jezi renmen m
Jezi renmen m tout tan.
4
Si moun ta mande m kòman m fè konn sa
Glwa pou Jezi, mwen konnen sa trè byen
Sentespri Bondye pale nan kè mwen
Pou temwanye kijan Jezi renmen m.
Kè
Ala m kontan, m wè Jezi renmen m,
Jezi renmen m, Jezi renmen m;
Ala m kontan, m wè Jezi renmen m
Jezi renmen m tout tan.
5
Lè m rive nan syèl la, nan bonte li;
Si se yon sèl chan mwen kapab chante,
Men chan m ap chante pou letènite:
Jezi renmen m, s on bagay mèvèye.
Kè
Ala m kontan, m wè Jezi renmen m,
Jezi renmen m, Jezi renmen m;
Ala m kontan, m wè Jezi renmen m
Jezi renmen m tout tan.
CHANT 2
1.
Fòk mwen di ou ki kote Kris te pran m:
Pou w pa konprann mwen te fè moun debyen;
Mwen t ap neye nan peche lwen Bondye.
Lanmou Jezi fè mwen gras, li chwazi m.
Refren:
Mwen pa konnen poukisa Kris renmen m
Sèlman mwen wè laglwa li kouvri mwen
Li plen kè sen yo ak lanmou pou mwen
Mwen san pwoblèm Kris regle tout afè m.
2.
Dyab la renmen mwen pase tout pechè
Yon fwa l te vin pou l degize lavi m
Nan feblès mwen, li t ap fèm kriminèl,
Jezi sove m sa se yon gran mistè.
3.
Se nan fatra Kris te pran m, Li lave m,
Li vin mete mwen pami moun sove.
Eske m pa dwe renmen bon sovè sa a?
Anverite, viv pou Kris ou mouri!
4.
Gen yon lòt bagay ki fè m kontan toutan
Se lè m sonje mwen pa moun isiba,
Peyi pa mwen se nan syèl kot Bondye,
Mwen opilan, Sovè m pra l vin chèche m.
5.
Zanmi mwen yo se pa blag m ap ban nou,
Se temwanyaj sa Jezi fè pou mwen
Eske ou pa vle gen yon plas nan syèl la?
Vin bay Kris kè ou w a temwanye non li.
#TGLIVE #adorasyon #gregorytoussaint #shekinahlive #francocreole #aleluia #haiti #levanjil #artisteshaïtiens #atiskretyen #louwanj #evangelique #worshipmusic #chrétiens #radioteleshekinah #haitianchurch #tabernacledegloire #gregorytoussaintcreole #denamwana
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео mp4
-
Информация по загрузке: