FINANS FASIL : rezime semen 17 novanm 2025 lan
Автор: ProFin TV
Загружено: 2025-11-22
Просмотров: 124
Semènn sa a, nou prezante plizyè nouvèl ekonomik an Ayiti, tankou kolòk kès popilè Sidès yo ki te santre sou koperasyon ak kreyasyon richès. Nou mansyone tou seremoni diplòm pou 200 jèn nan fòmasyon sou machin koud endistriyèl, yon inisyativ ki vize ogmante kapasite pou jwenn travay nan Nòdès peyi a. Finalman, nou rapòte sou kèk pwojè devlopman nan peyi a.
_____________________________________________________________________
Lansman nouvo seksyon « Finans Fasil »
Nan kad angajman Profin TV pou mete konesans finansye a plis nan men tout moun, n ap lanse yon nouvo seksyon ki pote non « Finans Fasil ».
Inisyativ sa a, ki fèt e pibliye sèlman an kreyòl, gen pou objektif :
*Fasilite aksè ak enfòmasyon finansye yo pou yon pi laj piblik atravè yon langaj senp, klè e ouvè ;
*Bay kominote a plis zouti edikasyon ekonomik ak finansye, pou amelyore konpreyansyon sou sijè tankou envestisman, ekonomi ak jesyon resous yo.
Kapsil « Finans Fasil » yo pral entegre nan emisyon Investir, ki anime pa Kesner Pharel, epi yo pral jwenn tou yon difizyon sou tout lòt chanèl kominikasyon Profin TV.
Pwojè sa a rantre dwat nan vizyon Groupe ProFin, ki ap travay san rete pou devlopman enklizif ak dirab. Fidèl ak misyon li ki se sèvi ak finans kòm yon motè pou kreye epi distribye richès, Gwoup la vle, atravè inisyativ sa a, rapwoche plis zouti ak konsèp finansye yo ak popilasyon an, pou pèmèt tout moun patisipe nan dinamik pwogrè ekonomik peyi a.
Nou kwè fò nan fò ke nouvo seksyon sa a pral ranfòse enpak Profin TV kòm yon platfòm referans, pandan l ap kontribye tou nan demokratizasyon konesans ak nan leve yon kilti finansye ki pi pataje nan sosyete a.
Groupe ProFin
__________________________________________________________________________
Restez informés avec ProFin.tv pour suivre l’évolution de ces tendances qui impactent la croissance et l’inclusion financière d'Haiti.
📢 Pensez à :
Vous abonner à ProFin Info
Liker cette vidéo
Partager l’actualité avec votre réseau
📍Suivez ProFin.TV sur les réseaux sociaux pour comprendre la finance #autrement :
Facebook : / profintv
Instagram : / profin_tv
X : https://www.x.com/profintv
À propos de ProFin.TV
ProFin.TV est la première chaîne haïtienne qui traite en continu l’information sur l’économie, la finance, l'entrepreneuriat et l’investissement en Haïti et à l’international.
À travers ses émissions, documentaires, publireportages, podcasts, portraits et autres contenus, ProFin.TV est un média d’éducation et d’information qui contribue à faire la finance #autrement
À propos de ProFin
Professionnels en Gestion et en Finance S.A., ProFin, est une société de promotion des investissemtns (SPI) mettant à profit l'innovation financière au bénéfice de la création et de la distribution de richesse en Haïti et dans la Caraïbe.
💡Vous voulez investir #autrement ?
Appelez-nous au (+509) 2811-9191 | (+509) 2811-9292
Écrivez-nous à l’adresse [email protected]
Découvrez votre profil d’investisseur en cliquant ici https://bit.ly/3TD3dXC
📍Suivez ProFin sur les réseaux sociaux :
Facebook : / groupeprofin
Instagram : / groupeprofin
X : https://www.x.com/groupeprofin
LinkedIn : / groupe-profin
Pour recevoir ces bulletins chaque matin, activez la cloche de notification. Merci de votre fidélité !
#Economie #Haïti #Finance #Autrement #Yonlotjan
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео mp4
-
Информация по загрузке: