Les églises haïtiennes et les démons (loas): Verite, Tradisyon, ak Mank Konsyans Biblik
Автор: Kwè&Pale
Загружено: 2025-12-05
Просмотров: 12
Nan videyo sa a, nou antre nan yon teren ki souvan kouvri ak pousyè krent, emosyon, ak abitid ki pase de jenerasyon an jenerasyon. Nou mande tèt nou kesyon piman bouk, sa yo ki pa kite lespri dòmi fasil : Ki rapò legliz ayisyen yo devlope ak demon ak move lespri ? Èske nou pa t kite pè, imajinasyon, ak kèk tradisyon vin ranplase sa Bib la reyèlman montre ?
Nou fouye fon :
— Èske se vre kretyen gen manda pou voye Satan nan labim, jan anpil repete san reflechi ?
— Èske li gen sans, oubyen menm baz biblik, pou ale nan bwa, nan mitan lannwit, pou “mete lwa deyò” ?
— Èske joure demon se yon zak otorite, oubyen yon jwèt danjere ak lespri nou pa konprann ?
Avèk yon je ki mande limyè pase emosyon, videyo a chache kraze konfizyon ak kesyonnen pawòl ki repete mekanikman. Si ou swaf verite, si ou vle yon lafwa ki pa bati sou lafyèv men sou fondasyon ki pa souke, antre nan refleksyon sa a.
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео mp4
-
Информация по загрузке: