Eske w kwè nan sa - CJC
Автор: Détente Spirituelle
Загружено: 2025-11-16
Просмотров: 836
O wi m kwe ladannl, nan Papa ak Pitit la a, e nan Lesprisen an, O wi mwen kwè.
1- Papa K genyen tout pouvwa, eske ou kwè ou kwè? O wi mwen kwè
Li kreye syel la ak te a, eske ou kwè? O wi mwen kwè. E mwen kwe nan Jezi-Kri, eske ou kwè? O wi mwen kwè. Li se sel Pitit Papa, eske ou kwè? O wi mwen kwè.
2- Li se Bondye tankou Bondye, eske ou kwè? O wi mwen kwè. Se nan Li menm Li soti, eske ou kwè? O wi mwen kwè. Li menm jan avek Papa L, eske ou kwè? O wi mwen kwè. Se Li k kreye tout bagay, eske ou kwè? O wi mwen kwè.
3- Li te vini sou te a, eske ou kwè? O wi mwen kwè.Pou L te ka sove tout moun, eske ou kwè? O wi mwen kwè. Li sotit nan vant Lavyej, eske ou kwè? O wi mwen kwe Li gen vyann menm jan avel, eske ou kwè? O wi mwen kwè.
4- Li soufri sous pons pilat, eske ou kwè? O wi mwen kwè. Yo te metel nan tonbo, eske ou kwè? O wi mwen kwè. Apre 3 jou Li leve, eske ou kwè? O wi mwen kwè. Li chita adwat Papa, eske ou kwè? O wi mwen kwè.
5- Lap retounen ak pouvwal, eske ou kwè? O wi mwen kwè. Poul jije tout patizan, eske ou kwè? O wi mwen kwè. Mwen kwe nan Lespri Sen an, eske ou kwè? O wi mwen kwè. Se limye ki bay lavi, eske ou kwè? O wi mwen kwè.
6- Li jwenn menm adorasyon, eske ou kwè? O wi mwen kwè. Ak Papa ak Pitit la, eske ou kwè? O wi mwen kwè. Yo tou le twa fe yon sel, eske ou kwè? O wi mwen kwè. Nan vwa pwofet yo Li pale, eske ou kwè? O wi mwen kwè.
7- Mwen kwe nan yon sel legliz, eske ou kwè? O wi mwen kwè. Katolik apostolik, eske ou kwè? O wi mwen kwè. Mwen konnen yon sel batem, eske ou kwè? O wi mwen kwè. Pou padone tout peche, eske ou kwè? O wi mwen kwè.
Map tann tout mo yo leve, eske ou kwè? O wi mwen kwè. Map tann lavi san fen an, eske ou kwè? O wi mwen kwè. Amen, Amen, Amen, Amen!
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео mp4
-
Информация по загрузке: