Tanpèt Melissa frape Ayiti: 1 mò, 5 blese | Latibonit anba menas gang | Digicel paralize
Автор: Le Quotidien 509
Загружено: 2025-10-23
Просмотров: 127
🌀 Tanpèt Twopikal Melissa frape Ayiti
Yon moun pèdi lavi li ak senk lòt blese pandan pasaj tanpèt Melissa nan Sidès ak Latibonit.
SNGRD ak DGPC lanse alèt zoranj pandan otorite yo mande popilasyon an rete vijilan ak evite travèse rivyè.
📡 Kriz Digicel nan Gran Sid la
Sèvis apèl, SMS, ak MonCash paralize nan plizyè depatman.
Abonnés yo pèdi kominikasyon pandan konpayi a blame domaj sou kab fib optik ak aktivite gang yo.
🔫 Latibonit anba menas gang yo
Mache Désarmes lan evakye, popilasyon an kouri kite zòn nan anba presyon gang ame.
Sitiyasyon an agrave kriz imanitè lokal la.
⚖️ Youri Latortue & Joseph Lambert devan Lakou Dapèl
Ansyen palmantè yo kesyone nan kad yon dosye koripsyon.
Latortue pral devan tribinal kriminèl, pandan Lambert pral jije pou deli minè.
🧑⚖️ 12 Majistra revoke dapre CSPJ
Yon evalyasyon teknik revele mank entegrite ak konpetans nan sistèm jidisyè a.
CSPJ anonse revokasyon 12 majistra pou pa-sètifikasyon.
👮♂️ Nouvèl Jidisyè ak Legal
Dosye asasina Monferrier Dorval retounen nan men lajistis. Yon nouvo jij pral nonmen pou kontinye ankèt la.
MJSP chanje chèf pwokirè Gonayiv la apre tansyon nan vil la.
🌍 BINUH & Fòs Entènasyonal
Dènye rapò BINUH montre plis pase 1.3 milyon moun deplase, 733 mouri, ak 582 ka vyolans seksyèl.
OEA ak CARICOM ap travay sou plan sekirite ak nouvo Reprezantan Guterres la, Ruiz Massieu.
📱 Enfliyansè Ayisyen Raphael Mendel arete
TikTokeur la arete nan Florid pou extòsyon ak asèlman, tribinal la fikse kosyon $17,300.
Ka a relouvri deba sou responsabilite kreyatè kontni ak pwoteksyon vi prive sou entènèt.
🗞️ Suiv Le Quotidien 509 pou plis nouvèl serye ak verifye sou Ayiti ak mond lan.
📍 Vizite nou sou lequotidien509.com
📱 Swiv nou sou Facebook, Instagram, Twitter & YouTube: @LeQuotidien509
💬 Pataje, abònman, epi kite yon kòmantè pou soutni travay jounalis endepandan yo.
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео mp4
-
Информация по загрузке: