Популярное

Музыка Кино и Анимация Автомобили Животные Спорт Путешествия Игры Юмор

Интересные видео

2025 Сериалы Трейлеры Новости Как сделать Видеоуроки Diy своими руками

Топ запросов

смотреть а4 schoolboy runaway турецкий сериал смотреть мультфильмы эдисон
dTub
Скачать

Sòm 74 | Kreyòl Ayisyen

Автор: Fr Riche

Загружено: 2026-01-06

Просмотров: 92

Описание:

Byenvini sou chanèl mwen an "Fr Riche"
Kote mwen ap prezante nou Liv Sòm lan
An Kreyòl Ayisyen,chapit aprè chapit ki ap sòti
Sou Chanèl sa a chak jou a 7h nan maten

Annou li ansanm :

74 ¶ Se yon chante Asaf. Bondye, poukisa ou lage nou nèt konsa? Poukisa ou an kolè konsa sou moun pa ou yo, sou mouton ki nan savann ou yo?

2 Pa bliye pèp ou te chwazi depi nan tan lontan an, pèp ou te achte pou ou te fè yo tounen moun pa ou! Pa bliye mòn Siyon kote ou te chwazi pou rete a!

3 vin wè sa ki rete apre ravaj la! Lènmi nou yo fin kraze dènye bagay nan kay ki apa pou ou a.

4 Moun ki pa vle wè ou yo, yo kanpe nan mitan kote pèp ou konn reyini an, y'ap rele byen fò. Yo wete tou sa ki nan tanp lan, yo mete drapo pa yo.

5 Yo tankou moun k'ap voye kout rach pou koupe pyebwa nan yon gwo rak.

6 Yo kraze bout bèl panno bwa byen travay ki te nan tanp lan, anba kout rach ak kout mato.

7 Yo mete dife nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte kote yo fè sèvis pou ou a, yo kraze l' vide atè.

8 Nan kè yo yo te di: Ann kraze yo tout yon sèl kou! Yo boule tout kote ki te apa pou Bondye nan peyi a!

9 Tout bèl bagay ki te nan tanp lan disparèt. Pa gen pwofèt ankò. Pesonn pa konnen kilè sa va chanje.

10 Bondye, kilè moun k'ap pile nou anba pye yo va sispann joure? Gen lè lènmi yo p'ap janm gen respè pou non ou?

11 Poukisa ou derefize ede nou? Poukisa ou rete kanpe ap gade, de bra ou kwaze?

12 ¶ Men, Bondye, se ou ki wa nou depi nan tan lontan. Ou fè nou genyen anpil batay sou latè.

13 Se avèk pouvwa ou ou te fann lanmè a. Se avè l' ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo.

14 Se ou ki kraze tèt levyatan an, lèfini, ou fè bèt k'ap viv nan dezè a manje l'.

15 Ou te fè sous dlo pete, ou fè larivyè koule. Ou fe gwo larivyè rete konsa yo chèch.

16 Ou fè lajounen, ou fè lannwit. Se ou ki mete lalin lan ak solèy la nan plas yo.

17 Se ou ki fikse limit tè a. Se ou ki fè sezon chalè ak sezon fredi.

18 ¶ Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap pase ou nan rizib. Se yon bann moun san konprann ki pa gen respè pou non ou!

19 Pa lage pèp ou nan men lènmi l' yo tankou toutrèl devan malfini. Pa bliye moun pa ou yo ki nan mizè nèt.

20 Chonje kontra ou te siyen avèk yo a! Paske, nan tout ti kwen peyi a, nan tout mòn yo se ansasen.

21 Pa kite moun y'ap peze yo wont! Fè pou pòv malere yo ka fè lwanj ou.

22 Leve non, Bondye! Defann kòz ou! Pa bliye jan moun fou sa yo ap joure ou tout lajounen!

23 Pa bliye jan lènmi ou yo ap rele byen fò! Pa bliye jan moun ki pa vle wè ou yo ap fè eskandal san rete.


Bondye beni nou !!
Rete nan lanmou
Kontakte m' : richedigitalsolution@gmail.com

#psalm74 #psaume74 #haitiancreole #kreyolayisyen

Sòm 74 | Kreyòl Ayisyen

Поделиться в:

Доступные форматы для скачивания:

Скачать видео mp4

  • Информация по загрузке:

Скачать аудио mp3

Похожие видео

Sòm 78 | Kreyòl Ayisyen

Sòm 78 | Kreyòl Ayisyen

Sòm 73 | Kreyòl Ayisyen

Sòm 73 | Kreyòl Ayisyen

Genèse 19, Genese 20 en creole/ li bib la en kreyòl.

Genèse 19, Genese 20 en creole/ li bib la en kreyòl.

25 Jan - Mèsenè yo bare kote Babekyou al kache a yo mande pou mete dife lage bomb. TPS USA

25 Jan - Mèsenè yo bare kote Babekyou al kache a yo mande pou mete dife lage bomb. TPS USA

Spring Live Frame | Frame TV Art 4K Screen Saver | Frame Studio 4K

Spring Live Frame | Frame TV Art 4K Screen Saver | Frame Studio 4K

BonDye pa pataje glwa'l ak okenn lòt dye

BonDye pa pataje glwa'l ak okenn lòt dye

VOA CREOLE 25 JANVIER 2026 Nouvel Chocho Ameriken Dakò Pou PM Fils Alix Chef CPT A Revoke 7 Fevrier

VOA CREOLE 25 JANVIER 2026 Nouvel Chocho Ameriken Dakò Pou PM Fils Alix Chef CPT A Revoke 7 Fevrier

Quiet Time with God: 1 Hour Instrumental Worship | Prayer Music

Quiet Time with God: 1 Hour Instrumental Worship | Prayer Music

25 JAN- Yon gwo milat sektè prive anba kòd lapolis | Fritz Jean touye Fils Aimé devan anbasadè USA a

25 JAN- Yon gwo milat sektè prive anba kòd lapolis | Fritz Jean touye Fils Aimé devan anbasadè USA a

Lavwadlamerik dimanche 25 janvye 26 Tout bandi ap tonbe avan 7 fevriye Barbecue nan kouri

Lavwadlamerik dimanche 25 janvye 26 Tout bandi ap tonbe avan 7 fevriye Barbecue nan kouri

Sòm 69 | Kreyòl Ayisyen

Sòm 69 | Kreyòl Ayisyen

Sòm 80 | Kreyòl Ayisyen

Sòm 80 | Kreyòl Ayisyen

Chrisla Met Viv Ansanm Sou Kote Nan Dosye Sa Aprè Yo Fin Arete Olivier ACRA..Loulouz Refrape Jackito

Chrisla Met Viv Ansanm Sou Kote Nan Dosye Sa Aprè Yo Fin Arete Olivier ACRA..Loulouz Refrape Jackito

Sòm 65 | Kreyòl Ayisyen

Sòm 65 | Kreyòl Ayisyen

GRACE - Soaking worship instrumental | Prayer and Devotional

GRACE - Soaking worship instrumental | Prayer and Devotional

25 Janvier P-P Guy Phillipe Live🔴Ameriken-CPT-Filsaimé Pedi Batay sa

25 Janvier P-P Guy Phillipe Live🔴Ameriken-CPT-Filsaimé Pedi Batay sa

Sòm 1 | Kreyòl Ayisyen   #Psalm1 #Som1 #Psaume1

Sòm 1 | Kreyòl Ayisyen #Psalm1 #Som1 #Psaume1

Deep Orange Sunset Looping 4K Background

Deep Orange Sunset Looping 4K Background

25 janvier 2026 Se fini pou Jeff kanaran la police kraze Kay towo a Babekyou pete kouri

25 janvier 2026 Se fini pou Jeff kanaran la police kraze Kay towo a Babekyou pete kouri

ERE ONET FULL EPISODE#31, GEN BAGAY. DEMA/ PAGA/ SILNA/ GEMIMA/ JEAN/ BOULIKI/ CANADA/ BIDJY/INGREED

ERE ONET FULL EPISODE#31, GEN BAGAY. DEMA/ PAGA/ SILNA/ GEMIMA/ JEAN/ BOULIKI/ CANADA/ BIDJY/INGREED

© 2025 dtub. Все права защищены.



  • Контакты
  • О нас
  • Политика конфиденциальности



Контакты для правообладателей: infodtube@gmail.com