Yon PÒV Te Sèl | Sè Erline Marc | 123 Kreyòl Chan Desperans
Автор: Evangéliste Evenel Feret
Загружено: 2025-10-04
Просмотров: 437
123 Chant d'Espérance | CEC, Page 155
Yon pòv te sèl, chita bò gran chemen an,
Li te avèg, li pa te kapab wè;
Rad li chire, li tranble nan lonbraj la,
Jezi vini, tenèb li vin limyè.
Kè
Lè Kris vini, pwisans satan fin brize;
Lè Kris vini, dlo nan je yo siye.
Li pran tristès,
Lavi nou plen ak lajwa;
Nou vin chanje lè Kris vini rete.
2
Move lespri te chase l lwen lakay li,
Pami tonm yo, l te rete nan mizè.
Li koupe kò l lè demon yo anpare l,
Jezi vini e lage li menm lè.
3
Enpi! Enpi! Lepre a te nan touman,
Soud e bebe, yo pa t ba l èd ditou,
Lafyèv nan zo l, maladi fin kaba yo;
Jezi vini, li wete tout freyè.
4
Kè yo te tris lè yo mete l nan tonm lan,
Paske lanmò te wete tout espwa;
Yo te an dèy e je yo te tou plen dlo,
Jezi vini, penn yo chanje an jwa
5
Konsa lèzòm twouve Sovè a gen fòs;
Yo pa t kapab venk pasyon ak peche,
Kè yo brize, kite yo tris e tousèl,
Jezi vini, li vini pou rete.
123 CEC, Page 155
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео mp4
-
Информация по загрузке: