SESYON 1, RETE SOU LIY LAN
Автор: chse Centre Haitien Semeur d ̈espoir
Загружено: 2025-11-17
Просмотров: 34
PRENSIP FONDAMANTAL
Pwofesè: Charles Jean Ronald
DESKRIPSYON
Seri kou sa a ap ede w dekouvri prensip ak konpetans fondamantal pou ansèyman Bib la. Refleksyon sou konviksyon sa yo kapab renouvle angajman ou pou byen esplike Pawòl Bondye a, epi ogmante motivasyon ou pou travay ladan li. Konpetans yo prezante isit la bay prensip ki ede nenpòt moun k ap anseye Bib la pou l koute sa tèks la di ak anpil atansyon.
OBJEKTIF KOU SA A
Men sa chak patisipan ka rive reyalize lè li fin suiv kou a:
• Fè konviksyon li grandi sou enpòtans predikasyon ki soti dirèkteman nan tèks biblik la.
• Amelyore kalite etid pèsonèl li sou Bib la, epi fason li prepare pou anseye li, atravè yon koute pi atantif sou tèks la.
• Entèprete epi anseye yon pasaj biblik ak konfyans, gras ak kapasite li devlope pou l kite Ekriti yo bay fòm mesaj li vle transmèt la.
• Kite Pawòl Bondye a chanje lavi nou jan Lespri Bondye te planifye lè li mete vèsè sa yo nan Bib la.
• Aplike Pawòl Bondye a de fason ki gen sans pou lavi pèp Bondye a jodi a.
FÒMA SESYON YO
Chak sesyon nan kou sa a gen de pati:
• Premye pati a se enstriksyon, kote etidyan yo resevwa konviksyon, kapasite, ak prensip pou etidye Pawòl la. Pati sa a prezante kòm kou ekspoze . Pandan w ap swiv chak sesyon, ou dwe reponn kesyon konpreyansyon yo swa pandan w ap gade a, swa apre.
• Dezyèm pati a se pratik, kote etidyan yo aplike zouti ak prensip yo aprann yo, lè yo ranpli fèy preparasyon ki fèt pou youn oswa plizyè pasaj biblik ki koresponn ak sesyon an. Lè preparasyon sa a fini, etidyan an ka prezante travay li (tankou yon plan, yon mesaj, oswa yon predikasyon, selon sa ki deside pa responsab gwoup la) nan yon gwoup diskisyon. Gwoup sa a sèvi pou diskite epi analize prezantasyon chak patisipan, pou amelyore epi rafine travay sou tèks la. Pou plis enfòmasyon sou fèy preparasyon an, ou ka konsilte Gid Preparasyon an.
SA KI REKÒMANDE POU CHAK PATISIPAN
• Swiv chak sesyon kou a ak anpil atansyon, epi reponn tout kesyon konpreyansyon ki gen rapò ak ekspozisyon yo.
• Prepare plan ansèyman, etid biblik, oswa predikasyon pou chak tèks ou etidye, pandan w ap mete an pratik zouti ou aprann nan chak sesyon.
PLAN KOU A
Pakou sa a divize an 8 sesyon kou.
Rete sou liy lan
Swiv 1 Sesyon 1
• Konplete Kesyon Konpreyansyon pou sesyon 1 an
• Fèy preparasyon – Jan 14:5-14
Pakou Preparasyon
Swiv 2 Sesyon an
• Konplete Kesyon Konpreyansyon pou sesyon 2 a
• Fèy preparasyon – Jan 13:1-20
Konteks
Swiv 3 Sesyon an
• Konplete Kesyon Konpreyansyon pou sesyon 3 a
• Fèy preparasyon – 1 Samyèl 2:1-11
Estrikti
Swiv 4 Sesyon an
• Konplete Kesyon Konpreyansyon pou sesyon 4 la
• Fèy preparasyon – Efezyen 3:14-21; Mak 5; Job 31
Liy Melodik
Swiv 5 Sesyon an
• Konplete Kesyon Konpreyansyon pou sesyon 5 la
• Fèy preparasyon – Naaoum 1:2-8
Tèks ak Kad Lekti a
Swiv 6 Sesyon an
• Konplete Kesyon Konpreyansyon pou sesyon 6 la
• Fèy preparasyon – Filipyen 4:10-20
Wè Jezi
Swiv 7 Sesyon an
• Konplete Kesyon Konpreyansyon pou sesyon 7 la
• Fèy preparasyon – 1 Korentyen 6:1-8
Bib la pou Lavi
Swiv 8 Sesyon an
• Konplete Kesyon Konpreyansyon pou sesyon 8 la
• Fèy preparasyon – Efezyen 6:10-20
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео mp4
-
Информация по загрузке: