Opozisyon pa Metye
Автор: Ambassador Marli
Загружено: 2020-04-07
Просмотров: 2554
Ayisyen twò renmen opozisyon. Nou tèlman renmen chire-pit, menm lè malè pandye sou tèt pèp la, nou refize met tèt ansanm. Ayisyen chache tout ti pretèks pou l rantre nan yigyang. Menm pou medya sosyal ki pa pou nou n ap goumen. Sanble se nan vye polemik initil sèlman n fò. Sa k fè m pi tris la, nou tèlman renmen opozisyon menm kont lavi n kanpe. Nou anpeche frè ak sè m yo viv.
Li lè pou n konprann opozisyon pa yon metye. Li lè pou n itilize l kòm yon strateji korijan, modifyan ak fòtifyan pou ede nou pwogrese. Sa n gen an komen yo pi plis e pi fò ke diferans yo. Tèt ansanm pi bon, e viv ansanm pi dous. An n aprann viv. #RekiltireAyiti #KanpayRekonsilyasyonNasyonal
Kontakte M sou
FB: / ambassadormarli
IG ak Twitter : @AmbassadorMarli
Bay kontribisyon pa w la
https://colorofhope.org/give/campaign...
Envesti nan tèt ansanm
https://colorofhope.org/give/campaign...
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео mp4
-
Информация по загрузке: