PAKOU PREPARASYON
Автор: chse Centre Haitien Semeur d ̈espoir
Загружено: 2025-11-23
Просмотров: 8
PAKOU PREPARASYON PREDIKASYON TEKSTYÈL
1. Priye ak konsakre tèt ou
Mande direksyon Sentespri a.
Rekonèt ke ou se yon sèvitè, pa yon ekspè.
Priye pou odyans ou, pou verite a touche kè yo.
2. Chwazi pasaj la
Pa chwazi selon emosyon oswa preferans pèsonèl.
Chwazi yon pasaj konplè (pa sèlman yon vèsè).
Asire li gen limit klè (debut, devlopman, konklizyon).
3. Etidye pasaj la an pwofondè
a) Konstèks literè
Ki sa ki vini avan ak apre pasaj la?
Ki liv li soti? Ki estil literè li ye?
b) Konstèks istorik
Ki moun ki ekri l? Pou ki moun? Nan ki epòk?
c) Konstèks biblik
Ki lòt pasaj nan Bib la ki konekte ak li?
Gen tèm repete? Gen pwofesi oswa akonplisman?
4. Dekouvri estrikti pasaj la
Divize pasaj la an seksyon natirèl.
Idantifye ide prensipal chak seksyon.
Chèche verbe kle, kontraste, repètisyon, pivot.
5. Rele entansyon otè a
Ki sa otè a te vle kominikè?
Fòme yon fraze kout ki rezime entansyon an.
6. Konekte ak Levanjil la
Ki aspè Levanjil la parèt nan pasaj la?
Ki jan pasaj la montre bezwen pou Kris?
Èske li revele mizèrikòd, jistis, repantans, delivrans?
7. Fòme aplikasyon klè
Ki sa pasaj la mande odyans lan fè, chanje, kwè?
Fè distenksyon ant aplikasyon pou:
Kwayan yo
Moun ki poko konvèti
Evite jeneralite: bay aplikasyon pratik, espesifik, ak aksyonab.
8. Fòme plan predikasyon ou
Chwazi yon tit ki klè epi biblik.
Fòme pwen prensipal ki soti dirèkteman nan pasaj la.
Chak pwen dwe gen:
Eksplikasyon (ki sa li vle di)
Ilistrasyon (egzanp, istwa, imaj)
Aplikasyon (ki sa pou fè)
9. Prepare entwodiksyon ak konklizyon
Entwodiksyon: mete odyans lan nan kontèks, leve kesyon, atire atansyon.
Konklizyon: repete verite prensipal, envite repons, fè apèl a Levanjil la.
10. Revize, priye, ak pratike
Li predikasyon ou anwo ou 2–3 fwa.
Priye pou kouraj, limyè, ak senplisite.
Pratike livrezon ou: ton, ritm, kontak vizyèl.
Доступные форматы для скачивания:
Скачать видео mp4
-
Информация по загрузке: